Direktiv Pou Bon Jan Asistans
Sektè Prive a Nan Katastwòf Entènasyonal

English
Español
Français
بالعربي   (Arabic)
فارسي   (Farsi)


Corporate Considerations



Kontribisyon Lajan Bay Ajans Sekou Ki Byen Etabli Se Toujou Repons Ki Pi Itil Nan Katastwof
 
Kontribisyon finansye pèmèt òganizasyon pwofesyonèl pou sekou yo achte egzakteman sa viktim katastwòf yo bezwen ki pi ijan epi pou peye transpò ki nesesè pou distribye pwovizyon sa yo. Kontrèman a don an nati, don lajan likid pa okazyone depans pou transpò. Anplis de sa, don lajan likid pèmèt yo achte pwovizyon pou sekou yo nan kote ki pi pre katastwòf la posib. Yo ka achte pwovizyon, patikilyèman manje, lokalman – men nan ka famin. Metòd sa a gen avantaj trip pou estimile ekonomi lokal la (bay travay, fè lajan rantre), sa pèmèt pwovizyon yo rive leplivit posib epi sa redui depans transpò ak depo. Kontribisyon lajan bay ajans pou sekou ki byen etabli toujou konsiderableman pi benefik pase don pwodui.

 

Konfime Gen Yon Bezwen Pou Tout Atik Y Ap Ranmase Yo
 
Piga fè ankenn sipozisyon sou bezwen viktim katastwòf yo. Ou ka konfime sa ki nesesè lè w tcheke avèk yon òganizasyon sekou ki byen etabli epi ki gen pèsonèl k ap travay sou plas. Piga voye sa yo pa bezwen; bagay yo pa bezwen ka fè konkirans ak sekou ki gen priyorite pou transpò ak depo. Òganizasyon ki resevwa don pou sekou an nati ka ede pwosesis sa a lè yo kominike aklè ki atik ki nesesè (ki gwosè, kalite, eksetera) epi lè yo di klèman ki atik oswa sèvis ki PA nesesè. Tanpri sonje, gen kèk manje, patikilyèman nan ka famin, ki ka fè viktim yo malad. Nan pifò ka, don manje nan bwat konsèv pa apwopriye. Koleksyon dlo nan boutèy pa efikas ditou. Li enpòtan pou fè yon analiz egzak sou sa ki nesesè anvan pou detèmine kisa pou fè.

 

Pote Bagay Sèlman Nan Òganizasyon Ki Gen Kapasite Pou Distribye Yo Lokalman
 
Pou distribye pwovizyon pou sekou li nesesè pou gen pèsonèl ak resous finansye nan peyi ki afekte a. Pou distribye bagay pou pote sekou, li nesesè pou gen pèsonèl, depo, kamyon ak ekipman pou kominikasyon. Li pa sifi pou ranmase pwovizyon epi pou voye yo nan yon zòn ki afekte; yon kooperasyon ak yon ajans lokal ki serye ki gen mwayen transpò ak kapasite pou dirije operasyon an se yon bagay ki obligatwa.

 

Fe Don Selman Bay Oganizasyon Ki Gen Kapasite Pou Transpote Atik Yo Ranmase Yo Pou Pote Yo Nan Zon Ki Afekte A
 
Toutsuit aprè yon katastwòf, anpil òganizasyon lokal pral imedyatman kòmanse ranmase ti atik pou ede pote sekou nan yon katastwòf. Men, lè yo kòmanse ranmase bagay sa yo, ofisyèl ajans yo poko pral panse a ki moun, oswa ki fason, yo pral voye atik sa yo. Li pa etranj pou kominote ak gwoup sivik ranmase plizyè milye liv pwovizyon pou sekou epi aprè yo reyalize yo pa konnen pou kilès pou yo voye yo epi yo pa gen mwayen transpò pou voye pwovizyon yo. Nan pwen sa a, konsèy yo konn bay moun k ap ranmase pwovizyon yo se pou yo fè yon vant anchè lokalman, konsa yo ka konvèti pwovizyon sa yo an lajan likid pou ka pote sekou.

 

Piga Janm Sipoze Gouvenman Etazini An Oswa Nenpot Lot Ajans Sekou Pral Transpote Gratis Atik Pou Sekou Yo Pat Solisite
 
Li enpòtan pou fè aranjman pou transpò anvan ou kòmanse ranmase nenpòt kalite don materyèl. Piga janm sipoze gouvènman an oswa ajans sekou pral transpòte don pou ou gratis (oswa menm pou yon frè). Nan pifò ka yo, ajans k ap ranmase atik yo pral responsab pou peye tarif antrepriz pou transpò ak depo pou atik ou ranmase yo.

 

Opotinite Pou Jwenn Volonte Pou Sekou Nan Katastwof Limite Anpil
 
Jeneralman yo pa chwazi volontè pou bayo asiyasyon ki pa gen eksperyans nan pote sekou lè gen katastwòf. Kandida ki gen plis chans pou yo chwazi yo pale lang nan zòn katastwòf la byen, yo gen eksperyans nan pote sekou, epi yo gen ekspètiz nan domèn teknik tankou medsin, lojistik kominikasyon, idwoteknik ak ijyèn. Nan pifò ka, pwofesyonèl sa yo deja disponib nan peyi a. Pifò ajans yo pral mande omwen dizan eksperyans, ansanm ak plizyè ane eksperyans nan travay aletranje. Li pa etranj pou yo mande pou volontè yo fè yon angajman pou yo pase omwen twa mwa ap travay nan yon katastwòf an patikilye. Yo pa aksepte pifò òf pou “yon lòt moun” pou kondui kamyon, monte tant, epi bay timoun yo manje. Sonje yon fwa yon ajans sekou aksepte yon volontè, yo responsab pou byenèt volontè a – sètadi manje, abri, lasante ak sekirite. Resous yo mens pandan yon katastwòf, epi yon lòt moun ki gen gen kapasite teknik ak eksperyans souvan ka yon chaj konsiderab pou yon pwojè sekou ki ankou.
 


Direktiv sa yo soti nan "Managing Resource Coordination for Sudden-Onset Foreign Disasters: A Case Study Focusing on the United States’ Response to Hurricane Gilbert/Jamaica" pa David Callahan, VITA, 1989.